Tabou Network › Ankèt › Kreyon › Kaye yoKR

Kreyon

Pwomès se dèt.

Sa yo pwomèt, nou ekri l. Sa ki pwouve, nou bare l. Kreyon Tabou pa gen gonm.

Kaye yo

Chak kaye, se yon gwo chantye sou yon sèl sijè : yon pwogram, yon pwojè, oswa yon seri pwomès Leta fè.

Chak liy nan kaye a, se yon pwomès.

Kaye ki louvri

Kaye Madan Sara

Swiv mezi akonpayman yo te pwomèt fanm machann ensekirite a dekapitalize : sa yo te anonse, sa yo te siyen, sa ki pwouve.

8 pwomès Leta · 0 pwouve · 4 revandikasyon

Mizajou : 23 Novanm 2026

Louvri kaye a

Kaye ya sou dife

Kaye ap prepare

Kaye Sante Gran Nò

Sa ki apwouve, sa ki dekese, sa ki anba kontra, sa pèp la resevwa.

Ou travay nan youn nan lopital sa yo? Se la ou pran swen? Yon chantye k ap kòmanse, yon sèvis k ap fèmen, materyèl k ap rive : di nou sa ou wè. Nou pwoteje idantite ou.

Patisipe

Ou konnen yon dosye ki ka tounen yon kaye?

Yon pwomès Leta oswa yon enstitisyon te fè, yon pwojè, yon pwogram? Di nou sa. Nou pwoteje idantite w.

Kreyon pa yon tribinal, ni yon zouti pati politik. Pa gen prèv, nou pa bare kaz la, epi nou pa akize pèsonn.