Alex Joseph en costume bleu, debout dans une rue

Alex Joseph. Foto: achiv pèsonèl Alex Joseph.

Pòtrè politik — Tabou Network

Pitit yon Madan Sara, antreprenè agrikòl ki etabli Granbasen, Alex Joseph enskri nan pwosesis elektoral la pou l vin depite Tèyewouj / Granbasen, anba drapo Antant Nasyonal. Li vle yon chèz nan yon Chanm ki san depite depi Janvye 2020, pou yon komin ki poko janm gen youn. Tabou Network poze l venswit kesyon epi li mete repons li yo fasafas ak achiv yo.

Pa Guerlyne Petit

Anvan politik, gen konbit. Lè Alex Joseph remonte nan sous angajman l, li pa kòmanse ni ak yon pati ni ak yon pwogram. Li rakonte premye konbit li Granbasen, men k ap pase soti nan yon jaden al nan yon lòt, sa li rele « premye egzanp kote moun youn ede lòt epi travay ansanm pou agrikilti », li te wè ak de grenn je l. Depi jou sa a, li di, li fè sèman pou l defann agrikilti.

Lòt rasin lan se yon fanm: manman l, yon Madan Sara ki leve l san papa l pa t la. Se nan men l, li di, li jwenn yon feminis ki « nan nanm li ». Soulye ki ka di w konbyen twou ki genyen nan chosèt. Moun ki viv yon bagay konnen verite l. Yon pitit Madan Sara wè depa anvan jou, sak pou chaje, kòb pou bay davans. Rete pou n wè sa konesans sa a ap tounen si l janbe lento Chanm lan.

Yon Chanm san depite, yon komin ki poko janm gen depite

Lento sa a, pèsonn pa janbe l depi lontan. Pouvwa lejislatif la sispann mache depi Janvye 2020, lè tout depite yo ak de tyè senatè yo kite pòs yo san pèsonn pa ranplase yo. Dis dènye senatè yo ale nan Janvye 2023, epi Ayiti rete san okenn eli nan nivo nasyonal.

Granbasen viv vid sa a yon fason apa. Li te komin depi 1934 rive 1942. Apre sa, yo mare l ak Tèyewouj kòm dezyèm seksyon kominal, jouk yon tèks prezidansyèl ki parèt nan Le Moniteur 10 Desanm 2020 remete l komin, onz mwa apre dènye depite yo te fin ale. Konsa, komin lan poko janm gen yon depite ki chita nan pòs li. Pou depitasyon an, li pataje yon sikonskripsyon ak Tèyewouj: de komin, de meri, de reyalite, yon sèl chèz.

Pitimi san gadò, se zwazo ki mèt li. Reprezantan Lòt kote ap pran desizyon pou ou lèw se yon teritwa ki san reprezantan. Se egzakteman sa Alex Joseph repwoche sistèm lan: « Toujou fò n tann “Pòtoprens”, epi gwo nèg ak gwo fanm li yo konn bliye zòn ki lwen sa yo egziste. » Apò pa li daprè sa li di, « yon vwa ki gen fòs », yon « twazyèm vwa », vwa kote nan peyi ya ki gen anpil potansyèl men yo toujou bliye.

Men fòk eleksyon an fèt anvan. 28 Oktòb, Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) pibliye yon nouvo kalandriye ki mete premye tou a 18 Jiyè 2027 epi dezyèm tou a 4 Oktòb 2027. Se twazyèm dat yo bay, apre 30 Dawout ak 13 Desanm 2026. Enstitisyon li vle antre ladan l lan trennen yon repitasyon ki lou tou: lè dènye senatè yo t ap remèt manda yo, direktè Sant analiz ak rechèch sou dwa moun (CARDH) te rele Palman an « yon gwo plas koripsyon ». Nan ka sa Priyorite Alex Joseph selon deklarasyon li se « remete lonè ak prestij nan enstitisyon an », e se la li manyen nannan pwoblèm lan.

Yon pitit Granbasen

Alex fèt nan Gran Basen yon zòn li dekri kòm yon kote ki « koni pou kouvèti vejetal li ak divèsite byolojik li ». Li site lekòl Claire-Heureuse ak lekòl Notre-Dame-de-Lourdes pou primè, kolèj Demesvar epi Nouveau Collège du Nord, Okap, pou segondè. Apre sa, Pòtoprens: enfòmatik nan Infotronique, DELF ak DALF nan Enstiti Fransè, yon lisans nan syans jesyon nan Institut universitaire Quisqueya-Amérique, epi yon mastè I ki soti nan yon patenarya ant INUKA ak Inivèsite Kebèk nan Monreyal. Li prezante tèt li kòm pwofesè inivèsite ak ansyen konsiltan Leta ayisyen, « aktè enpòtan » nan montaj pwojè ak Bank Entèameriken pou Devlopman (BID) ak Bank Mondyal.

« depi premye kou istwa m sou latwèt negriyè » mwen deside poum fè politik. Apre tout pakou sa yo, li tounen enstale nèt lakay li. Se pa paske li pa te genyen lòt chwa men paske li konprann fòk genyen pitit tè ya tou ki rete pou bati rezistans epi pare teren an pou lè sila yo ki oblije ale deyò ka tounen rantre lakay ak espwa. Depi plis pase nevan, kote li tanmen « yon gwo kanpay sansibilizasyon » pou òganize sosyete sivil la epi bay meri a bourad. Tèyewouj ak Granbasen reprezante « sant ak sous enspirasyon m, rasin mwen, pasyon m ak nanm vizyon m » se sa li deklare nou lè nou mande l kote li jwenn tout fòs ak detèminasyon sa yo pou li kanpe djanm.

Cigais, yon fèm ki pote non yon manman

Alex Joseph, ak yon pikwa nan men l, devan pano Cigais Ferme Agricole nan Granbasen
Alex Joseph devan pano Cigais Ferme Agricole, Granbasen. Foto: achiv pèsonèl Alex Joseph.

3 Me 2019, medya Juno7 te yon atik sou Alex Joseph. Nan atik sa nou dekouvri Cigais Ferme Agricole, anviwon dis ekta tè Granbasen; non an se yon omaj pou manman l, Merci Joseph, ak tonton l, Argais Joseph. Fèm lan te fèk fete premye anivèsè l nan moman atik la te ekri an en 2019. Alex Joseph t ap dekri piman natirèl, natif natal, sou twa ekta edmi, de basen pwason, plis pase 3 000 poul chak 42 jou, ak yon pepinyè 20 000 plantil chak twa mwa.

Nan menm atik sa a, li te rakonte KEP te refize kandidati l pou depitasyon nan eleksyon anvan yo, e se apre refi sa a li vire bò kote fèm lan pou l ka itil kominote l. Jodi a, lè yo mande l si l te janm patisipe nan yon eleksyon oswa okipe yon fonksyon piblik, li reponn: « Non, malerezman. » De istwa yo kanpe ansanm: yon kandidati yo kase anvan eleksyon an se pa patisipasyon nan eleksyon an.

Nan Novanm 2022, Gazette Haïti te rapòte yon lòt etap: yo t ap anonse lansman « Eau Cigais », yon dlo potab pou Granbasen, Tèyewouj ak zòn alantou yo, ak yon kenzèn djòb nan kominote a. Alex Joseph eksplike li te enstale izin sa a paske te gen ka malnitrisyon ak tifoyid ki t ap repete, epi li presize izin lan sèvi yon pati nan Tèyewouj tou. Antanke prezidan gwoup CIGAIS ak Zile Bar, li bay antrepriz li yo yon misyon: bay plantè yo jarèt, ede yo monte dosye yo ak sezi okazyon, epi fè agrikilti vin « yon antrepriz fanmi ki rapòte e ki byen òganize ».

Chemen jaden rive nan mache

Stann Cigais Ferme Agricole ak plantil ak pwason
Stann Cigais Ferme Agricole: plantil ak pwason yo montre piblik la. Foto: achiv pèsonèl Alex Joseph.

Manjè ze pa konn doulè manman poul. Okap kou Pòtoprens, moun achte piman, yanm oswa pwason san yo pa wè wout yo fè. Souvan, se Madan Sara yo ki fè wout sa a. Yon dyagnostik Bank Mondyal sou finansman agrikilti ann Ayiti dekri wòl yo ant zòn pwodiksyon yo ak mache yo. Yon etid BID sou fanm, gason ak transpò montre sa yo konfwonte: kredi ki difisil pou jwenn, deplasman ki pa janm sèten ak vyolans sou wout.

Alex Joseph fè diferans ant de komin yo: Tèyewouj pou potansyèl agrikòl li ak kapasite l pou atire envestisman nan touris, Granbasen pou divèsite byolojik li ak tè li. Twa ijans li yo swiv kat sa a. Premye a, enfrastrikti « nan tout sans mo a »: wout, amenajman agrikòl, sant sante, aksè nan zòn ekotouris yo. Dezyèm lan, travay nan touris ak agrikilti. Twazyèm lan, baraj Maryon.

Lè yo poze l kesyon sou kiltivatè yo, machann yo ak Madan Sara yo, li reponn ak yon vizyon li di ki « klè »: mekanize agrikilti, fè l tounen yon antrepriz fanmi pitit yo ka kontinye, epi fè kominote yo, « kòtakòt ak meri yo », tounen chantye travay, richès ak espwa. Se vizyon yon pwodiktè. Vizyon fanm ki pote rekòt la jouk nan mache, ak transpò, depo, plas nan mache, kredi ak sekirite, poko parèt nan repons li yo. Pou yon pitit Madan Sara, se paj sa a ki rete pou l ekri. antouka li poko kandida pou prezidan, nou poko ka egzije li twòp bagay.

Maryon, yon baraj ak sa l sèvi

Li vle pwojè Maryon an, ki te lanse, li raple, sou defen prezidan Jovenel Moïse, evalye epi fini pou l ranpli misyon l: bay yon pati nan depatman an kouran, wouze tè yo epi, li ajoute, ede anpil fanmi ki nan difikilte jwenn dlo potab.

Le Nouvelliste te konstate nan Novanm 2023 se Ministè Agrikilti a sèl ki t ap jere baraj la: li t ap wouze prèske 3 000 ekta, men li pa t gen vokasyon ankò pou l bay kouran ni dlo potab, kontrèman ak sa yo te anonse. Nan Septanm 2026, òganizasyon Welthungerhilfe lanse, ak finansman Inyon Ewopeyen, yon apèl dòf pou etid teknik amenajman idwoagrikòl anba baraj la, nan komin Fòlibète: sis perimèt, anviwon 2 113 ekta.

Kandida a rekonèt sa li menm: « Pouvwa lejislatif la gen limit lè se pou egzekite gwo pwojè. » Yon depite vote lwa, kontwole egzekitif la epi peze sou bidjè a; li pa bati baraj. Se sou pouvwa kontwòl sa a, li di, li konte pou komin li yo « jwenn bon jan tretman ».

Sa yon depite ka egzije

Sou misyon yon depite, li pa pale anpil: « Pwopoze ak vote lwa; sipòte ak kontwole egzekitif la nan obligasyon devlopman l. » Repons ki pi solid li yo se sa kote li pale tankou yon palmantè, ak yon vèb ki tounen plizyè fwa: egzije. Egzije OMRH òganize fòmasyon ak konkou pou jèn yo ka jwenn travay. Egzije Sekretarya Deta pou Fòmasyon Pwofesyonèl louvri sèvis li nan de komin yo. Egzije Ministè Kilti, atravè Direksyon Nasyonal Liv la, mete bibliyotèk ak aktivite ki bay jèn yo gou ekri. Li vle tou Ministè Komès akonpaye jèn yo pou yo kreye antrepriz ak sipò Leta, epi MENFP ranfòse fòmasyon mèt lekòl yo, nan yon peyi kote nivo edikasyon an ap desann, li di, « anpil anpil ».

Yon depite pa dirije okenn nan sèvis sa yo. Men li ka entèpele minis yo, vote oswa refize bidjè yo epi mande yo rann kont. Se sou teren sa a y ap mezire kandidati l. Sou koripsyon, li di l ap veye zafè yo pwen pa pwen: « Mwen p ap fè okenn konpwomi lè se pou pwoteje ti resous yon peyi k ap chèche espwa nan men dirijan l yo. » Kandidati l, li ekri, vle sèvi tou pou konsolide fanmi, pou papa pran responsablite yo, pou pwoteje konsomatè yo epi pou Leta respekte obligasyon l anvè kolektivite teritoryal yo.

Pou fanm, li anonse nouvo lwa pou rekonèt kapasite yo nan jesyon zafè piblik, yon batay ki dwe kòmanse, dapre li, « depi nan ti lekòl ». Si l pa jwenn majorite, li konte sou « konsètasyon ak yon rechèch san rete pou yon antant sou obligasyon pou n sove peyi a », sa ki byen mache ak non pati la. Li di li chwazi Antant Nasyonal pou filozofi l, nan yon peyi « kote frè ak sè ap dechire youn lòt nan batay san pitye », ak yon objektif: « rekoud twal sosyal la ». Pou l rann kont bay moun yo, pou kounye a li pwopoze « yon kominikasyon san rete nan tout estrikti kominikasyon ».

Sou teren an, kominikasyon sa a kòmanse ak prezans li. Tèyewouj kou Granbasen, ou jwenn li tout kote: nan match foutbòl, nan lantèman, nan fèt patwonal, nan legliz, nan mache kote l achte, li machande, li ri ak machann yo. Li fè transfòmasyon pwodwi agrikòl: kasav, manba. Chofè taksi-moto ak kamyonèt konnen ki bò Cigais ak Zile Bar ye san pèsonn pa bezwen montre yo wout la. Rete pou n wè kijan pwoksimite sa a ap tounen yon metòd, kijan moun nan seksyon kominal yo ak nan zòn andeyò yo ap chita avè l pou chwazi priyorite manda a. Tout moun konnen w pa vle di w konsilte tout moun.

Lajan, pwomès ak kalandriye

« mwen pa fè Pwomès. kanpay mwen koumanse ak aksyon konkrè, nan limit pouvwa m. » Pawòl sa a lou nan yon peyi ki aprann pa fè kanpay konfyans. Sou finansman, li anonse yon kanpay « nan transparans », kanpay « yon peyizan plantè » ki refize lajan ki ka mare l nan defann agrikilti, ak yon ekip ki pou pibliye « an tan reyèl » lajan yo ranmase ak kote l pase, jan dekrè elektoral la mande l. Elektè yo ap ka jije sou prèv jou enfòmasyon sa yo pibliye.

Alex Joseph sou lis piblik moun ki enskri nan pwosesis elektoral la pou depitasyon Tèyewouj / Granbasen, ak sig ENA. KEP raple: enskripsyon sa yo poko definitif, yo pa vle di kandidati a valide. Enskripsyon sou entènèt la fèmen depi 15 Novanm a minui; dosye yo dwe depoze anvan 30 Novanm. Alex Joseph di l ap prepare pou l depoze pa l 28 Novanm, nan biwo elektoral komin (BEK) Tèyewouj oswa Granbasen.

Byen pre pa lakay. Ant enskripsyon ak kandidati ki valide, gen yon dosye, papye ak yon desizyon KEP ki pòko pran.

Moun ki dèyè dosye a

Gen yon sèn ki tounen chak fwa yo mande l kisa ki fòme jan l wè sosyete a. Yon samdi, lavèy egzamen filozofi, yon sekretè di l bous etid li pa t pase, li gen pou l peye 4 000 goud pou l ka konpoze. Li panse ak manman l, ki te deja gen kansè, ki t ap gade tout efò l tonbe atè. Yon pwofesè ki t ap gade sèn lan fè yon soupi epi li peye pou li. « Mèsi, Mèt Guidalty Fils Aimé. » Li di li rakonte pitit li istwa sa a, e li te sòti premye nan pwomosyon l.

Kè kontan l nan de bagay: « fanmi ak youn ede lòt ». Sa yo repwoche l? Twòp enèji, li reponn, ak yon dife nan kò l, yon chalè ki konn fè moun pè. Nan kèk ane, kèlkeswa rezilta a, li ta renmen moun sonje l kòm « yon gwo sèvitè kòz moun ki pi fèb yo, ki sèvi ak onè ak ladrès ».

Gran Basen ak Tèyewouj ap jije l jan konbit la toujou moutre: se pa sa yon travayè anonse lematen ki konte, se jaden li kite dèyè l leswa.

Tabou Network gen yon sèl kesyonè pou tout kandida, nan tout nivo. Nenpòt kandida, kit se Tèyewouj / Granbasen kit se lòt kote, ka mande l, reponn li lib, epi wè pòtrè l ak pwojè l yo pibliye, e egzamine, nan menm kondisyon yo. Pòt jounal la louvri.

Guerlyne Petit — Lakou Kay Gran’n — Kay Nanm Lan

« Nou pa sèlman eritye Ayiti nan men zansèt nou; nou prete l nan men jenerasyon k ap vini yo. Ann remèt yo li nan yon pi bon eta pase jan nou te jwenn li. »

Sous

  1. Repons ekri Alex Joseph bay Tabou Network nan kesyonè a, Novanm 2026.
  2. Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP), lis piblik enskripsyon 2026: tableau.cephaiti.ht
  3. Les Grands Dossiers, fich « Alex Joseph », lis enskripsyon 2026: www.lesgrandsdossiers.com
  4. The Rio Times, avi KEP 10 Novanm 2026 sou fèmti enskripsyon kandida yo: www.riotimesonline.com
  5. Noovo Info (AFP), « Haïti : le conseil électoral annonce la tenue d’élections le 18 juillet 2027 »: www.noovo.info
  6. Bloomberg Línea, « Haití aplaza sus elecciones presidenciales y legislativas para julio de 2027 », 28 Oktòb 2026: www.bloomberglinea.com
  7. La Libre Belgique (AFP), « Pas de président, ni de députés et de sénateurs : “Haïti est un État qui n’existe pas” », 10 Janvye 2023: www.lalibre.be
  8. Le Temps, « Haïti est désormais un pays sans aucun législatif élu », Janvye 2023: www.letemps.ch
  9. Haïti Standard, « Gouvernance Nord-Est : la localité de Grand-Bassin relevée au rang de commune », Desanm 2020: haitistandard.com
  10. Juno7, « Haïti-Agriculture : Alex Joseph, l’entrepreneur agricole qui fait du développement agricole sa seule motivation », 3 Me 2019: www.juno7.ht
  11. Gazette Haïti, « Grand-Bassin : Eau Cigais, bientôt disponible sur le marché », 14 Novanm 2022: www.gazettehaiti.com
  12. Bank Mondyal, Agricultural Financing in Haiti: Diagnosis and Recommendations: documents.worldbank.org
  13. BID, Genre et transport en Haïti : diagnostic et plan d’action pour l’égalité des genres: publications.iadb.org
  14. Le Nouvelliste, « Barrage Marion, le ministère de l’Agriculture seul aux commandes », 22 Novanm 2023: lenouvelliste.com
  15. Welthungerhilfe, apèl dòf WHH-1212-UE-AON-FORT-0057-2026, etid teknik amenajman idwoagrikòl anba baraj Maryon, 7 Septanm 2026: eu.eu-supply.com

Akèy · Accueil · Home · ↑

Pa bezwen kont pou kòmante · Pas besoin de compte · No account needed — « Continuer en tant qu’invité ».

Laisser un commentaire