Renette Désir sou sèn. Foto : Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), sou paj Facebook Renette Désir.
Pòtrè — Kilti / Tabou Network
Li te aprann chante paske li pa t konn priye devan moun. Soti nan gospèl Petyonvil rive nan ritm edikasyon pwotestan li te kache pou li, soti anba dekonb 2010 rive nan laboratwa son Brisèl, Renette Désir — Netty pou anpil nan nou — fè chak blesi lavi ba li tounen mizik. Jodi a, li soti albòm Nou Pran Bal, an kolaborasyon ak triyo djaz Don Kapot la, ki tabli kò l nan Lakou Brisèl. Albòm sa a fèt nan yon avyon yon bann vakabon san fwa ni lwa te krible ak bal pandan Netty t ap antre Ayiti; li pote non evènman an menm.
Pa Guerlyne Petit
Kantik. Kanaval. Kò k ap chape.
Petyonvil. Lari yo poko gen ti komès k ap toufe yo jodi a. Vil la pwòp, li gen kè kontan, li klere, epi lè bann katye yo ap pase, lajounen ak lannwit fè yon sèl. Yon jèn fi toujou jwenn yon pretèks pou l al legliz apremidi. Se pa lafwa ki pouse l : se kote legliz la chita. Lè bann Silibo a pase devan tanp lan, li chape kò l, li danse, epi li tounen chita nan mitan fidèl yo, anba je moun ki pa dakò ditou. « Ak ti pwovokasyon an », jan li di l jodi a. Deja, nòt ak ritm yo t ap pale avè l.
Renette Désir di li fèt Petyonvil, « anba simityè » — se konsa, li presize, yo rele banbochè bò lakay li. Tout chemen l deja la nan sèn sa a : yon pitit fi pwotestan, ki grandi nan mitan reyinyon lapriyè ak kantik, k ap louvri zòrèy li bò kote yo te mande l pa koute.
Chante kote mo yo manke
Li vin nan fanmi an nan moman papa l ak manman l deside bay Bondye lavi yo, epi yo fè rebatize. Se sèl sa li konnen. Tou piti, li akonpaye manman l nan reyinyon lapriyè, kote yo toujou fini pa mande l priye fò. Pou li, se te pi gwo kalvè a : kisa pou l di Bondye devan tout moun sa yo ki, yo menm, konn jwenn bon mo yo ? Yon jou, li mande si l ka chante pito. Yo dakò. Epi yo sispann mande l priye : lè tou pa l rive, li chante.
Vokasyon Renette Désir ? Pa yon don ki tonbe sou li. Pa yon konkou li genyen. Yon silans : yon lapriyè li pa t konn di, epi li aprann chante l.
Apre sa, li antre nan koral timoun gwoup lapriyè manman l yo. A 15 an, yon kouzin mennen l fè odisyon pou koral legliz li, kote l pral vwa prensipal la pandan plizyè ane. Li di l klè : teknik chan koral li aprann la yo « se fondasyon tout sa m aprann apre ». Biyografi WOMEX pibliye sou li a ajoute yon lòt koral, Technonvox, kote piblik la te dekouvri vwa l.
Rekonpans yo swiv. An 2005, li rive nan final konkou « Chante lespwa w » anbasad Kanada te òganize. An 2007, Hollywood, li ranpòte yon meday lò nan World Championship of Performing Arts ; li tounen, jan li rakonte l, ak meday ak yon twofe chanpyon dimonn nan kategori pa l. Apre sa, li antre lekòl mizik Vision Nouvelle, kote l finalman manyen yon vyolon, jan li te reve depi l tou piti. Enstriman an louvri apeti l pou kòd yo ; li eseye gita, answit klavye, kote l konpoze melodi l yo jodi a. « Tout linivè mizikal sa yo fòme m, li rezime. San m pa konnen, m t ap prepare m. »
Si w pa konnen kote w soti…
Si w pa konnen kote w soti, ou p ap konnen kote w prale.
A 19 an, san papa l ak manman l pa konnen, Renette enskri nan Haïti Tchaka Dansé, akademi dans ki sou wout Bourdon an. Li danse ritm fòlklò yo, li aprann rekonèt chak ritm, chak dans, chak chante tradisyonèl, youn pa youn. Men l ap pran anpil tan anvan l gen kouraj chante yo devan piblik. « M kite nou devine poukisa ! » li ekri. Pa bezwen chèche twò lwen : lakay nou, nou danse ritm sakre nou yo samdi swa, nou renye yo dimanch maten. Yon pitit tanp k ap chante lwa ? Tout je sou li.
Li menm li bay rezon ki pouse l chèche. Kòm li grandi nan yon anviwònman kretyen, li toujou kirye, li di, pou « tout sa relijyon an t ap eseye kache m sou istwa m ak kilti m », epi li deside dekouvri yo pou kont li. Apre Haïti Tchaka, griyo ayisyen James Germain, li rele mèt li, fè l konnen premye estanda vodou yo. Konpayi Ayikodans Jean-Guy Saintus la fè l dekouvri plis toujou, pyès apre pyès.
Renette al chèche kote l soti, epi wout la louvri devan l. Prèske 20 an apre, mizik tradisyonèl ayisyen an tounen pi gwo teren rechèch li. Men li pa renye anyen : « Gospèl la rete baz mwen. » Pa jete chodyè ize pou chodyè nèf. Renette Désir kwit nan toude.
Yanvalou, premye pitit li
Non Netty a, se Marie-Laurence Jocelyn Lassègue ki ba li l, lè l te minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm. Li dirije ministè sa a de fwa, ak Ministè Kilti ak Kominikasyon an de fwa tou. Lide a te senp : kèk silab, plis memwa, pou piblik la ka atache l ak yon nouvo figi. Renette asime toude non yo. Lòtbò dlo, li remake, se Renette Désir moun retni, « akòz istwa lavi m ».
Istwa mizik sa a kòmanse ak Jean-Claude Martineau, ki ekri pifò premye chante l yo. Pami yo, « Yanvalou », premye mòso yo te lage pou anonse albòm li Yon jou. Li pale de li tankou yon nesans : « premye pitit mwen, gwo lanmou mizikal mwen, sa ki ban m tout bagay ». Pou mwen menm, « Yanvalou » se chante m pa janm sispann koute. Dapre FOKAL, ki te anonse soti albòm nan an Jiyè 2010, li te gen 12 mòso yo te anrejistre an dirèk nan Real Sound Studio, Pòtoprens, epi se li menm ki te ranje tout vwa yo.
Li di li bay tout pwojè l yo menm fòs ak menm atansyon ; gen ladan yo ki te pi parèt pase lòt, men chak te ede demach li grandi epi karyè l kontinye. Premye pwojè l yo, Yanvalou, Yon jou ak Ayiti pap peri, se yo piblik la toujou pale avè l. Li menm, li gen yon tandrès espesyal pou tèks li ekri : « Fanm Djanm », ak « Sa sa ye », yon chante pou timoun ki nan dezyèm albòm li, Ayiti pil sou pil, Le Nouvelliste te anonse an Novanm 2018. Chante sa a, li di, toujou touche l fon, « sitou lè w gade sitiyasyon peyi a jodi a ». Depi 2009, biyografi WOMEX la prezante l kòm atis referans Ministè Kilti a ak Ministè Kondisyon Fanm nan ; an Novanm ane sa a, yo te envite l chante Pari, nan pak La Villette.
Yon ti chante pou sa ki ale yo
12 Janvye 2010, li te nan Inivèsite Kiskeya lè batiman an tonbe. Dapre biyografi piblik li, li rete pran anba dekonb yo jis nan demen ; yon zanmi ki te bò kote l pa soti vivan. Answit, Ministè Kilti a mande l chante pou onore fanm ki mouri nan katastwòf la. Konpozitè Pierre-Rigaud Chery ba l « Yon ti chante » li te ekri apre goudougoudou a : dapre WOMEX, youn nan premye chante apre malè a, chante yon peyi ki t ap konte mò l epi ki t ap reaprann respire.
Menm silans lan, men pi gwo. Pitit ki te chante paske mo te manke l devan asanble a, kounye a ap chante kote tout yon peyi manke mo.
M wè l fè l. 14 Fevriye 2011, pa lwen Channmas ki te kouvri ak tant, yon jounen « Oui à l’amour, non à la violence » te rasanble fanm ak koup ki te soti nan kan deplase a. Pami tout atis yo te kontakte, se Netty ki te reponn ak plis kè, epi pèfòmans li te sipèb. Se la m te konnen l ; depi lè a, m ap swiv vwa kinei, yon vwa ki pran w epi ki pa lage w ankò.
Brisèl, laboratwa a
Menm ane goudougoudou a, sou envitasyon Ministè Kilti ak Kominikasyon, li ale Bèljik pou premye fwa. Yon bous fòmasyon mizikal mennen l tounen la depi Jiyè. Sou kanpis la, li rankontre pyanis ak pwofesè djaz Fabian Fiorini ak zanmi l Michael Wolteche, pwofesè vyolon. Apre yo tande l chante, yo deside monte yon pwojè avè l. Li tounen an 2011 kòm pwofesè chante tradisyon oral ; an 2013, duo Désir & Fiorini fèt, anba direksyon atistik Michael Wolteche ak estrikti li, Enthusiast Music.
Premye jou yo : yon lòt kalvè. Rechèch sou vwa « ki pafwa sanble ak rèl bèt », repetisyon san mikwo pou fòse vwa a jwenn tèt li : chantèz ki te deja gen non lakay la rive nan bout fòs li. Depi premye jou a, li di Michael Wolteche li vle tounen lakay li ; se pa pwojè sa a li te imajine. Li reponn li sa p ap dire. Si w vle gran tankou yon elefan, mete w piti tankou yon ti foumi. Li rete. Epi metòd rechèch sa a, li jwenn nan tout pwojè Wolteche dirije, tounen sa ki pwoteje l kont monotoni, yon bagay li « pa ta renmen ».
An 2019, Yo Anpil soti. Dapre Le Nouvelliste, se fwi senkan kolaborasyon : nèf mòso kote tèks powèt ayisyen Inéma Jeudi — Jeudinéma se non atis li — ak James Noël kwaze ak yon powèm ekriven kongolè Jean Bofane tradui an kreyòl, ak relekti Max Roach ak Duke Ellington. Pami yo, « À La Vil », sou yon tèks Inéma Jeudi, tounen yon mezi entim pou Renette. Chak fwa l kòmanse yon nouvo konpozisyon oswa yon nouvo kolaborasyon, li poze tèt li menm kesyon an : èske sa a ap rive depase « À La Vil » ?
Nou Pran Bal

Bal. Bandi. Brisèl.
An Novanm 2024, avyon ki t ap mennen l Pòtoprens lan pran bal bandi ame nan moman l t ap ateri. Lè l rakonte Michael Wolteche ak Jacques Ledocte vwayaj sa a, yo di l fè chante ak li. Li oblije kite dèyè tout sa l te bati. An Mas 2025, li rive Brisèl. Pa yon toune. Pa yon bous fòmasyon. Yon egzil.
Wolteche te gen senkan ap travay ak Don Kapot, yon triyo djaz eksperimantal ak enpwovizasyon Brisèl — Giotis Damianidis nan bas, gita ak efè, Viktor Perdieus nan saksofòn, Jakob Warmenbol nan batri, pèkisyon ak echantiyon. Apre Yo Anpil ak kanpo Covid la, li te vle pote yon bagay nèf. Li te santi rankont lan te posib, san l pa konnen sa l ta bay. Kat mizisyen yo pase yon ane ap chèche anvan yo antre nan estidyo, an Mas 2026. Premye fwa piblik la tande pwojè a, se te nan LaVallée, Brisèl, 31 Me 2026.
Tout albòm nan soti nan evènman sa yo, Renette eksplike : bal yo tire sou avyon an, lanmò trajik youn nan frè adoptif li yo, labou li santi l pran ladan l apre sa, ak sa l santi pou pèp ayisyen an, « ki oblije kite paradi l paske l pa gen lòt chwa ». Uit tit yo pou kont yo trase kat yon egzil : « M Plonje », « Nou Pran Bal », « Rete La », « Kote Moun Yo », « Kiles Nou Ye », « Poto Potopow », « Dlo Nan Je », « Kongo Larivyè ». Nan lang manman l, tit yo pale pou tèt yo. Albòm nan, li di, mete ansanm « twa mizisyen ki pa gen parèy » ki pran tan pou yo chèche, ak yon vwa, yon linivè mizikal ki te nouvo pou yo.
Piblik la tande l. Anba piblikasyon ki anonse albòm nan, yon moun ki koute l ekri li jwenn yon mizik « très avant-gardiste », plen kontras ak kontradiksyon, kote son ak koulè, lèd ak bèl makònen, kote reyalis ak sireyalis fizyone nan yon sèl miwa. Renette reponn li se egzakteman sa : reyalite avyon bandi krible ak bal la, melanje ak emosyon ak enèji Don Kapot, sou plim Jeudinéma. Vèsyon « Nou Pran Bal » sa a, li presize, se apre yon rechèch byen pouse yo te fin aksepte l.
Pito dlo tonbe, kalbas la pa kraze. Renette Désir pèdi anpil — yon kay, yon lavi li te bati, yon frè. Men kalbas la kenbe. Se vwa l.
Chante Timoun !
Brisèl, li bay kou chante nan atelye Maison de la Création, epi festival BRuMM resevwa l an 2026 pou mizik tradisyonèl. Se la l ap prepare Chante Timoun !, yon espektak an kreyòl pou timoun, Jeunesses Musicales de Belgique mete nan sezon 2026-2027 yo. Chante timoun ayisyen, kont kreyòl ak dans tradisyonèl reponn youn lòt ladan l. Premye objektif la, se fè timoun yo pran plezi nan yon lang ki nouvo pou yo, ak ti repè ki ede yo swiv sa k ap pase sou sèn nan. Li deja wè sa nan lekòl yo : timoun yo « fasine ak istwa yo, kontan ak dans lan », epi chante yo « fè yo danse, fè yo vwayaje ».
Yon revanj tou dousman. Ti fi ki te konn chape kò l nan tanp lan pou l al danse lè Silibo ap pase a, jodi a ap aprann timoun Brisèl danse an kreyòl, gran jounen, devan je moun ki dakò.
Yo te toujou mande l priye. Li fini pa reponn jan pa l. Pou mò 2010 yo, pou yon avyon bandi krible ak bal, pou nou menm yo pouse soti nan paradi nou, Renette Désir toujou ap chante kote mo yo manke. Asanble a vin gran tankou latè. Lè tou pa l rive, li chante.
Guerlyne Petit — Lakou Kay Gran’n — Kay Nanm Lan
« Nou pa sèlman eritye Ayiti nan men zansèt nou; nou prete l nan men jenerasyon k ap vini yo. Ann remèt yo li nan yon pi bon eta pase jan nou te jwenn li. »
Sous
- Antretyen ekri Renette Désir ak Tabou Network, Novanm 2026.
- FOKAL, « Renette Désir pral soti premye albòm li », 7 Jiyè 2010.
- Le Nouvelliste, Michelet Joseph, « 8 ans après, Renette Désir présente son deuxième album », 8 Novanm 2018.
- El Negocito Records, dosye laprès Yo Anpil (ki repran Le Nouvelliste, Dawout 2019).
- WOMEX, biyografi Renette Désir.
- CBAI (Centre bruxellois d’action interculturelle), fich « Renette Désir », 2026.
- LaVallée, « Concert : Don Kapot & Renette Désir », 31 Me 2026.
- W.E.R.F. Records / Bandcamp, Nou Pran Bal, Don Kapot & Renette Désir, 2026.
- Jeunesses Musicales de Belgique, bwochi sezon 2026-2027.
- International IDEA, fich biyografik « Marie-Laurence Jocelyn Lassègue ».
- Yon kòmantè Facebook anba anons soti albòm nan, Novanm 2026.


Laisser un commentaire