Louino « Robi » Robillard, casquette et chemise blanche de Gwoup Konbit, assis devant des palmiers

Louino « Robi » Robillard. Foto: AyiboPost.

Antretyen — Tabou Network

Lè gen yon ti kalm, fanmi yo pa tann. Yo tounen anba lavil, yo pouse dekonb devan pòt kay yo, yo eseye rekòmanse. Bon zèb p ap fè m mare chwal mwen bò falèz. Louino « Robi » Robillard, konbitè ak espesyalis nan konstriksyon lapè, mande Leta pa òganize retou a san plan: kote ki diy pou fanmi yo tann, yon chemen klè pou moun ki vle remèt zam, yon ankèt ki rive jouk nan sèvo ki dèyè dezas la, ak kominote yo chita nan chak desizyon. Nan konvèsasyon sa a ak Tabou Network, li pwopoze senk angajman pou yon Plan Rekonstriksyon Ayiti.

« Kòm laperèz la kòmanse chanje kan, nou ka di gen ti pwogrè ki fèt, men travay la fèk kòmanse. »

Tabou Network poze Louino « Robi » Robillard kesyon sou sekirite, retou fanmi yo ak Plan Rekonstriksyon Ayiti.

Louino Robillard se yon konbitè, yon espesyalis nan devlopman kominotè ak yon pratikan nan konstriksyon lapè. Li angaje l nan pwomouvwa, valorize epi aplike valè ak prensip Konbit yo. Li pwopoze yon Plan Rekonstriksyon Ayiti (PRA) ki mete moun nan kominote yo nan desizyon sou avni katye yo.

Tabou Network — Ki sa imaj anba lavil Pòtoprens yo fè w konprann sou travay ki devan nou an?

Louino Robillard — Mwen salye kouraj fòs lòd yo, epi mwen voye kondoleyans mwen bay fanmi polisye ak sòlda salvadoryen ki pèdi lavi yo nan batay pou lapè sa a. Lè m gade imaj anba lavil yo, lè m wè inivèsite a ak sa ki rete nan kay moun yo, mwen mande tèt mwen ki jan nou rive kite kapital peyi a kraze nan nivo sa a. Chak zòn fòs lòd yo reprann mete yon responsablite sou do Leta. Fòk li fè sekirite a dire epi prepare kondisyon pou moun ka viv la ankò.

Tabou Network — Ki sa fòs lòd yo bezwen, epi ki jan nou ka fè pwogrè sou sekirite a dire?

Louino Robillard — Fòs lòd yo bezwen ekipman, lojistik ak resous pou yo pwoteje popilasyon an. Nou bezwen anpil moun tou k ap reflechi sou estrateji ki ka fè solisyon n ap chèche a dire. Fòk Leta mete fòs lòd yo, lajistis, otorite lokal yo, espesyalis nan konstriksyon lapè ak moun nan kominote yo bò menm tab la. Depi kounye a, fòk nou konnen kiyès k ap mennen ankèt yo, ki sèvis Leta pral retabli, epi ki kondisyon ki dwe reyini pou fanmi yo retounen san danje. Travay sa a dwe antre nan Plan Rekonstriksyon Ayiti a.

Tabou Network — Ki opsyon fòs lòd yo dwe bay manm gang ki vle remèt zam yo epi rann tèt yo?

Louino Robillard — Fòs lòd yo gen devwa pou yo pwoteje popilasyon an. Lè moun ame kontinye tire sou ajan yo oswa menase lavi moun nan kominote a, fòs lòd yo dwe entèvni pou mete fen nan menas la. Yon echanj kout zam ka koute lavi, e chak moun ki pèsiste nan tire pran yon gwo risk. Se poutèt sa li enpòtan pou chemen pou remèt zam epi rann tèt rete ouvè.

Leta dwe mete sou pye yon pwogram klè. Yon moun ki vle rann tèt dwe konnen ki otorite pou l kontakte, ki jan pwosesis la ap dewoule ak ki garanti li genyen. Depi li depoze zam li epi li rann tèt li, fòs lòd yo dwe pran l an chaj san reprezay epi remèt li bay lajistis. Fòk yo dokimante lefèt li te remèt zam li volontèman ak nenpòt kolaborasyon li bay, pou tribinal la ka pran sa an konsiderasyon dapre lalwa. Viktim yo dwe toujou kapab jwenn laverite, jistis ak reparasyon.

Gang yo fè twòp fanmi kriye. Mwen konprann kòlè moun ki pèdi pitit yo, paran yo, kay yo ak mwayen pou yo viv. Men nou pa dwe kite mechanste bandi yo fè nou pèdi limanite nou. Bay yon moun chans pou l remèt zam li epi rann tèt li, se bay lajistis chans pou l jije l, etabli responsabilite l epi fè l reponn pou sa li fè. Se konsa tou nou ka jwenn repons sou kiyès ki te bay lòd, kiyès ki te finanse rezo yo ak kiyès ki te pwoteje yo.

Tabou Network — Poukisa ou ensiste pou ankèt la ale pi lwen pase moun ki te pote zam yo?

Louino Robillard — Devan gwosè dezas la, mwen gen anpil dout gang yo te rive fè tout sa poukont yo. Fòk ankèt la chèche konnen kiyès ki te òganize zak sa yo, kote zam ak lajan yo te soti, epi kiyès ki te sèvi ak enfliyans yo pou pwoteje rezo yo. Se kesyon sa yo moun ap poze lè yo pale de « gang an soulye ak kravat ». Temwayaj moun ki parèt devan lajistis ka ede ankèt la, epi fòk ankèt la verifye sa yo di ak lòt prèv. Fòk nou jwenn sèvo ki dèyè dezas la. Pay la gen tout kalite bèt. Fòk nou bout li, men fòk nou pa bliye bourik la.

Tabou Network — Gen fanmi ki ka wè pwogram pou moun ki rann tèt yo tankou yon pòt pou enpinite. Ki sa w ap di yo? E lè w pale de « gang an soulye ak kravat », ki kote ankèt la dwe kòmanse?

Louino Robillard — Fòk nou gade ki kondisyon ki fè gang sa yo vin egziste, kiyès ki kreye yo, e kiyès ki ka ede nou jwenn enfòmasyon. Se menm moun ki nan gang yo ki ka bay enfòmasyon sa a. Leta oswa fòs lòd yo ka ba yo pinisyon, men ba yo avantaj tou pou yo pale, pou yo di laverite, pou nou konnen kiyès ki te dèyè yo e ak ki entansyon. Gade jan yo kraze sant vil la, katye yo, lekòl yo, inivèsite yo, lopital yo: se pa yon senp gang ki fè sa. Se yon vizyon. Gen yon lidèchip, gen yon entelijans, gen yon men kache dèyè sa.

Nou bezwen lapè, men nou bezwen yon lapè ki dire. Pou nou jwenn li, fòk tout travay la fèt an menm tan: fòk yo frape gang yo, fòk yo monte yon komisyon, kèlkeswa non l, pou jistis, reparasyon ak rekonsilyasyon, fòk gen yon ankèt. Pa egzanp, fòk yo konekte enfòmasyon ladwàn yo ak non ki parèt sou resi moun ki voye zam sa yo. Gen prèv ki ka toujou dekouvri, tankou pakèt tèt mò ak zo mò yo jwenn nan estad Sylvio Cator. Fòk yo byen dokimante bagay sa yo, paske se prèv. Fòk yo fè foto, fè videyo tout dega gang yo fè.

Gen fanmi yo touye moun pa yo, yo kidnape moun pa yo. Yo bezwen repons, yo swaf jistis, yo vle wè moun sa yo peye pou sa yo fè. Mwen konprann yo. Anpil moun nan pèp la di franchman sa yo vle, se elimine gang yo nèt. Nou tèlman soufri, nou bezwen viv. Men si n ap reflechi ak entelijans, pandan n ap elimine yo, nou dwe chèche ki jan nou ka jwenn enfòmasyon ki ka ede nou rezoud pwoblèm nan pou pi lontan.

Nou nan 2026, nou se yon sosyete demokratik. Si bandi ap kraze popilasyon an, si yo tire sou fòs lòd yo, wi, fòs lòd yo dwe tire sou yo tou. Polisye mouri, bandi mouri. Men Leta ak elit yo pa ka jis deside: n ap bonbade, n ap fè tout sa n vle. Menm Bukele pa t touye tout bandi ki te nan peyi l: li bati gwo prizon, li arete yon pakèt ladan yo, menm si gen ki mouri. Si yon bandi konnen sèl chwa li genyen se lanmò, l ap fè plis dega toujou anvan l rive nan bout li, paske sosyete a pa ba l okenn lòt chwa.

Se poutèt sa fòk nou kite kèk ti pòt louvri. Pa egzanp: si w vle remèt zam ou, ou remèt yo, epi w ale devan lajistis, w ap peye pou sa w fè. Kite pòt la louvri pa vle di n ap lage yo, non. Y ap peye pou sa yo fè. Nou pa ka jis elimine; nou dwe respekte dwa moun tou. Si se yon moun k ap tire sou nou, nou oblije elimine l; men si gen youn ki kouri vin rann tèt li, fòk gen espas pou nou resevwa l.

Senp sitwayen an bezwen lapè, li bezwen viv, moun bouke. Si tout moun di « elimine yo demen », mwen konprann sa, men sa ka lou pou jenerasyon k ap vini yo. Kòm elit k ap reflechi, fòk nou mete tout taktik yo sou tab la. Si nou ka genyen batay la ak mwens san ki koule, gen moun ki ka pase rès lavi yo nan prizon. Ayiti pa gen pèn lanmò; gen lòt estrateji. Nou pa ka tounen yon sosyete k ap bonbade adwat agoch. Menm si sa rive fèt, se pa sa ki dwe naratif la.

Tabou Network — Poukisa ou mande sosyete a pou l vijilan devan fason retou a ap fèt?

Louino Robillard — Gen fanmi k ap tounen paske yo bouke pase mizè kay moun oswa nan kan. Depi gen yon ti kalm, yo tounen pouse dekonb devan pòt kay yo, ranje sa yo kapab epi eseye rekòmanse lavi yo. Mwen konprann yo. Si ou gen plizyè mwa depi w ap viv nan kondisyon difisil, menm yon kay ki domaje ka sanble pi bon pase kote w ap dòmi an.

Se la danje a ye. Imajine 15 000 oswa 20 000 moun retounen nan yon zòn ki kraze, kote dlo ak lòt sèvis debaz manke, kote lapolis, anbilans ak ponpye gen difikilte pou antre. Fanmi yo ap mete ti sa yo genyen nan repare kay yo, relouvri ti komès yo epi voye pitit yo lekòl. Si se apre sa Leta vin di yo fòk yo kite ankò pou l ouvri yon wout, mete drenaj oswa rebati yon pati nan katye a, travay la ap pi difisil. Epi se menm fanmi sa yo k ap peye pri yon dezyèm deplasman. Si nou prese òganize retou a nan kondisyon sa yo, se menm twou a n ap fouye pou nou mete tèt nou ankò.

Kote yon relokalizasyon nesesè, fòk fanmi yo patisipe nan desizyon an, fòk dwa yo sou kay ak tè yo respekte, epi fòk yo ka jwenn travay, lekòl ak swen kote yo pral viv la.

Tabou Network — Ki leson eksperyans apre tranblemanntè 2010 la ka aprann nou sou wòl ONG yo?

Louino Robillard — Nou dwe veye entèvansyon ONG yo tou. Lè yon fanmi ap viv nan mizè, yon èd ki pèmèt li rale yon souf pou yon jou gen valè. Men si fason yo òganize èd la ankouraje fanmi yo enstale yo nan yon zòn ki poko pare pou resevwa yo, nou ka rann pwoblèm nan pi difisil pou n rezoud demen.

Apre tranblemanntè 2010 la, mwen t ap travay nan yon ONG mwen p ap site non li. Mwen te nan yon reyinyon kote mwen sonje prezidan epòk la, René Garcia Préval, te mande ONG yo pou yo pa al distribye èd nan zòn Kanaran, Jerizalèm ak Titanyen. Li te avèti nou moun yo t ap swiv èd la, epi yo t ap enstale yo kote yo jwenn li. Jan mwen sonje sa, gen ONG ki te kontinye entèvni malgre avètisman an.

Lè m gade sa k rive Kanaran ak Jerizalèm, mwen retounen sou avètisman sa a. Fanmi yo te bezwen yon kote pou yo viv. Yo bati ak sa yo te genyen, pandan amenajman ak sèvis piblik yo pa t swiv. Lè yon katye grandi konsa, san wout ki pèmèt lapolis, anbilans ak ponpye antre, se moun k ap viv la ki peye pri a chak fwa yo bezwen sekou. Epi lè vyolans gang vin ajoute sou sa, li vin pi difisil toujou pou Leta pwoteje popilasyon an.

Se yon leson nou dwe aplike kounye a. Leta ak meri yo dwe kowòdone epi siveye entèvansyon ONG yo, ansanm ak kominote yo. Anvan yo finanse reparasyon kay oswa òganize èd ki ka ankouraje moun enstale yo yon kote, fòk yo gade eta kay yo, aksè pou sèvis ijans ak plan ki genyen pou zòn nan. Sosyete a dwe kapab konnen ki òganizasyon k ap fè ki travay, sou ki baz li pran desizyon l, epi kiyès k ap pran relèv lè pwojè a fini.

Tabou Network — Sou Kanaran: se menm gouvènman Préval la ki te pibliye nan Le Moniteur, 22 Mas 2010, yon arete ki deklare tè yo itilite piblik nan zòn Koway-Sesles. Apre sa, dè dizèn milye moun al enstale yo la. Ki jan ou wè sa?

Louino Robillard — Wi, se vre, Préval te deklare zòn nan itilite piblik. Men se pa t pou moun al moute kay ladan l: se te pou Leta kontwole espas la. Epi ONG yo pase, moun swiv yo, jouk moun yo pran tè a pou kont yo. Sa vle di Leta vin fèb devan fòs pèp la. Men pèp la te swiv èd la, paske se te resous: dlo, manje. Mwen konnen anpil moun ki te kite kay yo, kay ki pa t kraze, pou al viv Kanaran. Se la bezwen an te ye, se la akonpayman an te ye. Peyi a pa gen travay; se ONG yo ki te enstale, kidonk moun kontan jwenn yon sous.

Tabou Network — Ki premye desizyon ou ta renmen wè Leta pran?

Louino Robillard — Mwen ta renmen wè Leta ak meri yo, avèk sipò ONG yo, prepare depi kounye a kote ki an sekirite e ki diy pou fanmi ki bezwen lojman pwovizwa. Fòk kote sa yo gen dlo, sanitasyon ak aksè ak lekòl, swen ak transpò. Chak fanmi dwe konnen ki sipò l ap jwenn ak ki etap ki rete anvan li ka retounen.

Pandanstan, fòk moun nan kominote yo patisipe nan evalyasyon ak nan desizyon sou fason n ap rebati zòn gang yo kraze yo, ansanm ak lòt katye ki te deja bati san bon wout ak sèvis. Leta ak meri yo dwe pibliye, katye pa katye, ki kote fanmi yo ka retounen san danje, ki travay ki dwe fèt anvan retou a ak kilè fanmi yo ap jwenn yon repons. Pou nou mande moun tann, fòk nou ba yo yon kote ki diy pou yo rete ak yon plan retou yo ka fè konfyans.

Tabou Network — Apre 2010, kan yo te dire plizyè lane. Ki jan pou lojman pwovizwa yo pa tounen kan ankò?

Louino Robillard — Wi, lojman pwovizwa ka tounen kan ankò. Jodi a, nou pa ta dwe pale de lojman pwovizwa san limit: ou ka jwenn moun ki pase 5 lane nan lojman pwovizwa, se kan sa ye. Leta ka bay yon espas pou 12 a 24 mwa, kote moun ka viv ak sa yo bezwen, annatandan nou kreye gwo pwojè sosyal. Se Leta ki pou trase teren an, se Leta ki pou mete ponpye, mete dlo, trase zòn yo anvan moun vin viv ladan yo.

Te gen yon ti eksperyans konsa anba Mòn Kabrit, men yo mete moun yo la san sèvis, epi gang vin pran espas la; kay yo te fè la pa t bon. Men sonje bilding yo te kòmanse bati sou ansyen pis avyasyon an, anba Aristide: se te pwojè lojman sosyal ki te dwe kontinye. Leta dwe gen yon vizyon lojman sosyal pou pèp ayisyen an. Si w pa gen mwayen pou w gen kay pa w, se nan lojman sosyal Leta pou w viv. Fòk Leta gen yon estanda pou sa.

Gen zòn nou genyen la a, fòk Leta repanse yo. Fòk gen desizyon ki pran ak pèp la, fòk pèp la patisipe. Moun k ap viv sou plas la, poze yo kesyon: nan ki kondisyon yo vle viv, nan ki kalite. Pèp la vle dlo k ap koule nan wobinè yo, li vle kanal ki pwòp, ki debouche, li vle yon espas pwòp, byen amenaje, pou l viv anpè. Moun yo konnen; fòk zòn yo planifye. Se lidèchip peyi a ki dwe planifye zòn yo. Men si pou kounye a, se pèp la menm k ap kouri al pran tè, al fè ti kay pa l kote kay li te kraze, pou lòt moun pa vin pran l, se gwo desizyon elit peyi a dwe pran: Leta, entelektyèl yo, relijye yo, tout moun k ap panse pou lavni.

Tabou Network — Ki wòl kominote yo dwe jwe nan rekonstriksyon an?

Louino Robillard — Fòk yo patisipe depi nan ankèt la, anvan plan yo trase. Ann mande moun ki te rete yo ak moun ki te oblije kite yo nan ki kalite kominote yo ta renmen viv, ki sèvis yo ta renmen jwenn toupre lakay yo ak sa ki ta pèmèt yo retounen.

Lè nou pran tan pou nou koute, n ap wè moun yo konnen ki jan yo vle viv. Moun nan katye a konnen ki kote dlo monte lè lapli tonbe, ki chemen timoun yo pran pou yo ale lekòl, ki kote yon chèz woulant pa ka pase, ak sa k ap pèmèt ti komès yo reprann. Fòk konesans sa a sèvi nan desizyon yo. Epi fòk moun yo ka wè ki pwopozisyon ki antre nan plan an, ki bidjè ki disponib ak ki lè travay yo ap fèt. Se konsa nou mete valè Konbit yo an pratik, ak patisipasyon nan desizyon yo, transparans sou bidjè a ak ekite nan aksè ak sèvis yo.

Tabou Network — Ki sa Plan Rekonstriksyon Ayiti a dwe genyen ladan l?

Louino Robillard — Mwen pwopoze senk angajman nan Plan Rekonstriksyon Ayiti (PRA).

  1. Rekonstriksyon fizik ak ibanizasyon. Rebati katye yo sou baz etid ak nòm ki pèmèt moun viv an sekirite, jwenn sèvis epi devlope aktivite ekonomik yo. Sa mande lojman ki solid, dlo, drenaj, ekleraj, lekòl, sant sante, espas pou komès ak wout kote sèvis ijans yo ka pase.
  2. Rekonstriksyon mantal ak sosyal. Bay timoun ki grandi anba kout zam, fanmi ki pèdi moun ak moun ki te oblije deplase aksè ak sipò sikolojik, sèvis sosyal ak espas kominotè kote yo ka reprann konfyans.
  3. Jistis. Dokimante krim yo, konsève prèv pandan netwayaj la, pwoteje temwen yo epi mennen devan lajistis tout moun prèv yo montre ki gen responsablite, kèlkeswa pozisyon yo.
  4. Reparasyon. Dokimante sa viktim yo pèdi epi etabli yon pwosesis klè pou yo jwenn reparasyon pou kay, byen, mwayen pou yo viv ak lòt domaj yo sibi.
  5. Rekonsilyasyon. Bay viktim yo espas pou yo pale, rekonèt sa yo sibi epi ede kominote yo rebati konfyans sou baz laverite ak jistis.

Tabou Network — Plan Rekonstriksyon Ayiti a, se plan pa w? Kiyès ki ta dwe mennen l, e ak ki lajan?

Louino Robillard — Plan Rekonstriksyon Ayiti a, se pa plan pa m. Se pa plan okenn ti klan politik non plis. Se pwopozisyon m ap fè bay tout sosyete a. Se Leta ak sosyete a ki dwe tonbe dakò: sitiyasyon moun ap viv nan zòn gang yo kraze yo, moun pa ka viv konsa. Premye demach la, se pou Leta, sosyete sivil la ak nou menm dakò fòk bagay sa a rebati, e fòk li rebati byen.

Apre sa, fòk nou mande sitwayen yo, sitou moun ki pi pòv nan sosyete a, ki jan yo vle viv, ki kalite katye yo vle. Sa, se bò sosyal la. Lajan an vin apre: fòk plan an la anvan, epi n a wè ki kote lajan an ap soti.

Ewòp te gen plan Marshall apre lagè a. Apre 12 Janvye 2010, nou te gen yon plan rekonstriksyon, men li pa t fèt. Si nou rive kraze gang yo, fòk nou fè yon plan rekonstriksyon ayisyen, nou menm. Paske se pa sèlman 4 oswa 5 lane n ap pase ak gang yo: se 15 a 20 dènye lane yo. Mwen menm, mwen wè gang yo nan Site Solèy depi 2004, e yo rive jouk kote nou ye jodi a.

Tabou Network — Ki responsablite Leta, elit yo ak rès sosyete a genyen nan moman sa a?

Louino Robillard — Leta dwe bay direksyon epi rann kont sou jan l ap aplike plan an. Elit ekonomik, pwofesyonèl ak entèlektyèl yo dwe mete resous ak konpetans yo nan travay la. Sosyete a dwe veye pou desizyon yo sèvi moun k ap viv konsekans kriz la. Nou gen yon okazyon pou nou rebati kominote kote moun ka viv an sekirite, jwenn sèvis, devlope aktivite ekonomik yo epi reprann lavi sosyal yo.

Si nou rebati nan menm kondisyon yo, nou ka twouve n ap jere menm pwoblèm yo ankò nan 15 oswa 20 an. Yon fanmi ki retounen dwe gen yon kay ki an sekirite, yon wout pou l soti, yon lekòl pou pitit li ak mwayen pou l viv. Se sou sa pou nou mezire rekonstriksyon an.

Nou pa sèlman eritye Ayiti nan men zansèt nou; nou prete l nan men jenerasyon k ap vini yo. Ann remèt yo li nan yon pi bon eta pase jan nou te jwenn li.

Sous

  1. Repons Louino Robillard bay Tabou Network, pa ekri (19 Novanm 2026) epi an vokal (22 Novanm 2026).
  2. Le Moniteur, 22 Mas 2010, arete prezidansyèl ki deklare itilite piblik tè nan zòn Koway-Sesles.
  3. U.S. News & World Report, « Canaan, Haiti, Is a Test of How a City Can Self-Govern », 15 Janvye 2019: www.usnews.com

Akèy · Accueil · Home · ↑

Pa bezwen kont pou kòmante · Pas besoin de compte · No account needed — « Continuer en tant qu’invité ».

Laisser un commentaire