Repòtaj — Kilti / Tabou Network
Pa John Joseph
Toupre sant vil Lakildinò, nan seksyon kominal Ba Lakil, gen Makati (yo ekri l Macaty tou), yon lokalite kote memwa istwa peyi a ak fòs tradisyon popilè yo mache men nan men.
Kè eritaj Makati a, se yon pi ki la depi tan lakoloni. Okòmansman, yo te bati l pou bay abitasyon yo ak gwo plantasyon kann nan plenn Nò a dlo. Pi wòch sa a travèse tan an san l pa janm kite travay li: jouk jounen jodi a, se la moun nan zòn nan vin pran dlo, se la yo kontre chak jou.

Sent Bab: fèt ki louvri sezon Nwèl la
Si Makati gen istwa, chak ane li vibre ak gwo fèt patwonal ak chanpèt li a: Sent Bab. Yo fete l alantou 4 Desanm, e pou anpil moun nan zòn nan, se li ki louvri sezon fèt fen ane a, Nwèl.
Tankou gwo fèt patwonal nan Nò yo, li mete lafwa ak banbòch ansanm. Moun soti nan lokalite vwazen yo ak Okap pou yo vin ladan l.
Sa ki fè non Sent Bab Makati a tou, se anbyans lan. Pandan fèt la, lokalite a tounen yon sèn anba syèl la. Ant DJ lokal yo k ap chofe moun ak gwoup konpa yo, chak ane fèt la resevwa gwo òkès, tankou Septentrional, ki pa janm manke randevou a, k ap fè plizyè jenerasyon danse anba zetwal Lakildinò.

Fèt patwonal yo nan komin Lakildinò
Nan Kanlwiz (Camp-Louise), yo fete Sen Lwi de Gonzag (Saint Louis de Gonzague) jou ki 21 Jen nan lokalite Ba di Fou (Bas du Four), epi yo fete Sen Michèl Akanj (Saint Michel Archange) jou ki 29 Septanm nan Sen Michèl.
Nan Ba Lakil (Bas de l’Acul), yo onore Nòtredam de Lekilib (Notre-Dame de l’Équilibre) jou ki 19 Septanm nan Bèl-Otès (Belle-Hôtesse), epi apre sa yo fete Sent Bab (Sainte Barbe) jou ki 4 Desanm nan Makati (Macaty).
Inite espasyal Mònè (Mornet) gen kat gwo fèt: Sen Jozèf (Saint Joseph) jou ki 19 Mas nan Diti (Duty), Mon Kamèl (Mont Carmel) jou ki 16 Jiyè nan Goden (Gaudin), epi de fèt ki fèt menm jou a, 1ye Oktòb, avèk Sent Terèz (Sainte Thérèse) nan Grizon-Gad (Grison-Garde) ak Sen Mak (Saint Marc) nan Tremès (Tremesse).
Nan Grann Ravin (Grande Ravine), fèt Sakrekè (Sacré-Cœur) fèt nan Gwòs Wòch (Grosse Roche) nan mwa Jen (dimanch ki vin apre fèt Soufriyè a), pandan y ap fete Nòtredam de la Gwadloup (Notre-Dame de la Guadeloupe) jou ki 12 Desanm nan Labriyè (Labruyère).
Nan Soufriyè (Soufrière), lokalite La At (La Hatte) fete Sen Antwàn de Padou (Saint Antoine de Padoue) jou ki 13 Jen.
Anfen, nan sant vil Lakildinò (Acul-du-Nord), fèt Nòtredam de la Nativite (Notre-Dame de la Nativité) fèt jou ki 8 Septanm.
Sous: Meri Lakildinò, Ankèt sosyoekonomik ak envantè enfrastrikti yo, IFOS, 2020.
John Joseph
« Nou pa sèlman eritye Ayiti nan men zansèt nou; nou prete l nan men jenerasyon k ap vini yo. Ann remèt yo li nan yon pi bon eta pase jan nou te jwenn li. »
Tradiksyon an kreyòl (Makati): Guerlyne Petit / Tabou Network


Laisser un commentaire