Koll-D-Vatt Justafort, en costume bleu marine et cravate rouge, les mains jointes, debout devant un rideau clair.

Repòtaj — Kilti / Tabou Network

Pou Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl la, Club des lecteurs passionnés des arts muséables (CLEPAM) te òganize final konkou ekriti li a, « Tèks Kreyòl », nan Kanlwiz. Se jèn otè Koll-D-Vatt Justafort ki genyen.

Pa John Joseph

KANLWIZ, Lakildinò — Pou Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl la, 28 Oktòb 2026, Club des lecteurs passionnés des arts muséables (CLEPAM) te òganize gran final konkou ekriti li a, « Tèks Kreyòl ». Se nan Kanlwiz, premye seksyon kominal Lakildinò, sa te fèt, e se jèn otè Koll-D-Vatt Justafort ki te pote laviktwa.

Se kowòdonatè CLEPAM nan, Figaro Jean-François, ki te pote inisyativ kiltirèl sa a. Lide a, se te fè lang kreyòl la vanse epi ankouraje jèn yo ekri. Konkou a te jwenn sipò Polin Aléandre, yon notab ki gen pwa nan komin nan, ki toujou la pou aktivite edikatif ak kiltirèl nan zòn nan.

Yon konpetisyon ki te sere

Yon ventèn jèn ki soti nan plizyè zòn ak plizyè seksyon kominal te patisipe nan batay plim sa a. Règleman an te prevwa pou yo rekonpanse twa pi bon kandida yo, men pi gwo lonè a te pou premye a.

Lè jiri a fin delibere, se Koll-D-Vatt Justafort ki rache premye plas la. Se moun Lakildinò li ye, men jodi a li rete Okap. Li mache sou plizyè chemen nan etid li: li se etidyan nan dènye ane nan Syans edikasyon (opsyon Istwa ak Jewografi) nan Université publique du Nord au Cap-Haïtien (UPNCH), epi li se jiris, fonde de pouvwa, ki fòme nan Faculté de droit, des sciences économiques et de gestion du Cap-Haïtien (FDSEG-CH).

« Antoine nan Gommier » konkeri jiri a

Pou l te kapab devanse lòt kandida yo, Koll-D-Vatt Justafort te prezante yon zèv ki rele « Antoine nan Gommier ». Dapre otè a, se senaryo yon kout metraj dramatik ki fouye nan rasin kilti ayisyen an. Sa ki te pi frape jiri a, se jan li mare mistik, Vodou, fè istorik ak lanmou kominote ansanm, ak anpil finès.

Zèv la swiv yon ti gason ki, apre yon rèv mistè, dekouvri yon pwofesi Antoine nan Gommier te anonse — yon prediksyon ki kòmanse rive 25 lane apre lanmò divinò a. Sa m wè pou ou, Antwàn nan Gonmye pa wè l.

Anplis fon ak fòm tèks li a, laureya a te make lespri moun ak jan li te parèt sou sèn nan, nan dezyèm faz konkou a.

Yon premye patisipasyon ki chaje ak emosyon

Kreyatif e detèmine, jèn otè a pa t kache emosyon l lè yo te anonse rezilta yo: « Mwen te klere ak lajwa, e sitou mwen te soulaje. An reyalite, kè m te sou biskèt, paske m te konnen konpetisyon an t ap jwe ant premye, dezyèm ak twazyèm plas la », li konfye. « Se te yon moman ki te fò anpil, paske se te premye fwa mwen t ap patisipe nan yon konkou literè. »

Yon plèdwaye pou literati kreyòl

Pou Koll-D-Vatt Justafort, zèv sa a se anvan tout bagay yon envitasyon pou nou rekonekte ak patrimwàn kiltirèl nou, tradisyon nou, kwayans nou ak eritaj zansèt nou yo. Pasyon li pou ekriti mache ansanm ak yon refleksyon pwofon sou plas kreyòl la nan sosyete a.

Li pwofite tribin nan pou l lanse yon apèl bay entèlektyèl ayisyen yo. Li denonse jan kèk ladan yo chèche rekonesans deyò anvan tout bagay — sitou rekonesans mond frankofòn nan — kote yo pito ekri an franse olye yo ekri nan lang manman yo. Pou li, li ijan pou n miltipliye zèv literè an kreyòl, pou lang lan jwenn tout lonè li merite.

Avèk premye edisyon sa a ki te reyisi nan Kanlwiz, CLEPAM ak patnè l yo montre ankò yo vle fè kreyòl la tounen yon zouti kreyasyon atistik ak yon pwen rasanbleman pou jèn nan Nò a.

John Joseph

« Nou pa sèlman eritye Ayiti nan men zansèt nou; nou prete l nan men jenerasyon k ap vini yo. Ann remèt yo li nan yon pi bon eta pase jan nou te jwenn li. »

Tradiksyon an kreyòl: Guerlyne Petit / Tabou Network

Akèy · Accueil · Home · ↑

Pa bezwen kont pou kòmante · Pas besoin de compte · No account needed — « Continuer en tant qu’invité ».

Laisser un commentaire