L'agronome Donald Saint-Vil penché dans un champ de Camp-Perrin, examinant des tiges sèches et abîmées au milieu des plants verts.

Repòtaj — Agrikilti / Tabou Network

Depi fen mwa Oktòb 2026, plizyè kalite cheni ap devore jaden pistach, mayi, bannann, tabak ak zepina nan premye seksyon kominal Kanperen. Yon agwonòm nan zòn nan leve alèt la. Peyizan yo flite, cheni yo kontinye. Jous jodi a, pèsonn poko idantifye bèt yo nan yon laboratwa.

Pa Guerlyne Petit

Yon alèt ki soti nan jaden an

Pa gen dyagnostik. Pa gen laboratwa. Pa gen repons. Gen yon alèt.

« ALÈT AGRIKÒL NAN DEPATMAN SID LA! » Se konsa Agwonòm Donald Saint-Vil te kòmanse mesaj li. Li mande minis Agrikilti a desann nan Sid, sitou Okay ak Kanperen, kote yon envazyon cheni ap manje zepina, mayi ak pistach moun yo. Li di flit peyizan yo ap fè yo pa rive kanpe yo. Li mande yon evalyasyon, teknisyen pou idantifye ensèk yo, yon tretman ki mache, ak akonpayman pou moun k ap travay tè a.

Mwen te pale avè l dirèkteman jou ki te Samdi 14 Novanm 2026 la. Nan demen Agwonòm Saint-Vil pa t pran tan pou li voye repons ak kesyonè ekri nou te soumèt li ya.

Sa agwonòm nan wè nan jaden yo

Dapre Donald Saint-Vil, premye atak yo te kòmanse ant 20 ak 25 Oktòb 2026, nan premye seksyon kominal Kanperen. Li site Mersan, Journu, Trouillard, Rolin ak Vieux-Terre. Li te vizite kat ladan yo: Rolin, Trouillard, Mersan ak Vieux-Terre.

Jaden ki touche yo se pistach, mayi, bannann, tabak ak zepina. Pou tabak la, li di se yon atak li pa t janm wè anvan.

Li pa pale de yon sèl bèt. Li wè plizyè kalite cheni, ak papiyon li rele « papiyon sanginè ». Li di klè idantifikasyon li fè a pa syantifik. Li pran echantiyon. Men kote pou l voye yo? Li di m sa depase kapasite l, li pa gen laboratwa. Li te voye yon rapò. Jous kounye a, li di li poko resevwa repons.

Flit ki pa kanpe anyen

Nan Trouillard, yon peyizann reponn kesyon Agwonòm Saint-Vil nan mitan jaden l. Li rakonte cheni yo manje tout bagay, sitou zepina: yo manje tout zepina l yo, tabak, pistach, elatriye. Li flite jaden l chak twa jou. Men, dapre sa l wè, ensektisid la sanble fè cheni yo vin pi gwo. Yo vin pi plis, yo pa ale, yo manje tout rekòt la. Li di yo bouke.

Peyizan yo flite. Cheni yo rete. Lè yon tretman pa mache, gen plizyè rezon ki posib: pwodui a pa bon pou bèt la, dòz la, lè yo flite a, oswa yon ensèk pèsonn poko konnen. San idantifikasyon, chak repons se yon devinèt. Se poutèt sa nou p ap site non okenn pwodui isit la, ni non okenn espès: se travay laboratwa, se pa travay jounal.

Se nan chimen jennen yo kenbe chwal malen.

Menm do a, plizyè kou

Cheni yo pa jwenn yon jaden ki te an sante. Depi mwa Me 2026, sechrès ap peze sou peyi a, dapre FAO. Nan mwa Septanm, dirèktè Inite idwometewoloji a (UHM), Marcelin Esterlin, te di AyiboPost menm Kanperen te manke lapli.

Apre sa, gwo lapli tonbe ant 23 ak 26 Oktòb, epi yo fè dega nan Gran Sid la, dapre ministè Agrikilti a. Ministè a te kòmanse yon misyon ak Bank mondyal depi 3 Novanm, epi li mande pou yo aktive mekanis repons pou ijans pwojè PARSA ak TPR II yo. FAES te fè misyon pa li nan Gran Sid la ant 30 Oktòb ak 4 Novanm.

Sechrès, gwo lapli, ensèk: twa kou sou menm do a. Ou dòmi atè, ou pran so kabann. Premye atak cheni yo tonbe menm semenn ak gwo lapli yo. Nou pa konnen si gen yon lyen ant de bagay sa yo. Se yon kesyon pou espesyalis yo reponn.

Kont la pa fini la. Dapre analiz IPC 28 Oktòb 2026, 5,94 milyon moun, sa vle di 53 % popilasyon an, ap viv nan ensekirite alimantè grav (faz 3 oswa pi wo) ant Septanm 2026 ak Fevriye 2027. FEWS NET avèti kèk zòn Kanperen ak Okay ka rive nan faz 3 nan peryòd jous 2027 la, lè manje pi ra anvan rekòt yo.

Cheni nan mayi, se pa bagay nouvo

Cheni ki manje mayi konnen zòn nan. Yon etid Inivèsite Leta Ayiti (UEH) pibliye nan mwa Jen 2026 te kesyone 725 kiltivatè, ladan yo 50 Okay ak 50 Kanperen, sou travay yo te fè an 2021 ak 2022. Etid la pale de yon lame cheni nan mayi ak pitimi. Men li pa di nou si se menm bèt sa yo k ap fè ravaj jodi a, sitou nan tabak ak bannann. Se laboratwa a sèlman ki ka di sa.

Gen yon lòt detay. Ministè Agrikilti a di li te distribiye semans legim, ladan yo zepina, bay plis pase 2 000 kiltivatè nan Sid, tankou Okay ak Kanperen, nan pwojè PARSA. Si cheni yo antre nan jaden sa yo tou, se lajan piblik ki an danje, anplis rekòt peyizan yo.

Yon adrès ki pa egziste

Tabou Network te ekri ministè Agrikilti a 15 Novanm pou n poze kesyon sou cheni yo. Nou te voye l nan sèl adrès imèl ministè a pibliye sou sit entènèt li. Lèt la tounen: sistèm nan reponn adrès la pa egziste. Sit la pa bay okenn lòt adrès, sèlman yon fòmilè. Pou kèk nan sèvis ki konn ensèk yo, tankou Direksyon pwoteksyon vejetal la (DPV) ak Direksyon depatmantal Agrikilti Sid la (DDAS), sit la ekri koordòne yo pa pibliye.

Kidonk, Leta pa egziste elektronikman. Yon peyizan Kanperen ki gen yon cheni nan men l, si li pa ka rive nan yon biwo Leta fizik, nan ki pòt pou l frape? Sa vle di, si w pa gen akwentans ak otorite Leta yo, si w pa nan zanmitay, nan tetelang ak nan kokoday ak yo, ou pa gen okenn mwayen pou w jwenn yo, sòf si w al kwense yo devan pòt yo oubyen nan biwo yo.

Sa nou poko konnen

Nou poko konnen ki bèt sa yo ye. Nou poko konnen konbyen jaden yo manje, ni konbyen kiltivatè ki touche. Nou poko konnen si yon teknisyen Leta desann nan Kanperen, ni si yon moun te analize echantiyon yo. Nou poko konnen si mekanis ijans ministè a mande a ap kouvri pèt ensèk yo.

Tabou Network ap kontinye poze kesyon sa yo bay ministè Agrikilti a, DDAS Sid ak DPV. Paj sa a rete louvri pou repons yo.

Agwonòm Donald Saint-Vil se kolaboratè Tabou Network nan Sid. Li disponib pou nenpòt otorite Leta ki enterese chita pale sou pwoblèm nan, oswa ki vle fè ankèt ak rechèch sou cheni yo. Pou nenpòt repons oswa replik, otorite ministè Agrikilti a nan Sid ka kontakte Agwonòm Saint-Vil sou Facebook, nan non « Donald St-vil », oswa sou WhatsApp.

Pandan n ap tann, cheni yo pa tann.

Guerlyne Petit — Lakou Kay Gran’n — Kay Nanm Lan

« Nou pa sèlman eritye Ayiti nan men zansèt nou; nou prete l nan men jenerasyon k ap vini yo. Ann remèt yo li nan yon pi bon eta pase jan nou te jwenn li. »

Sous

  1. Agwonòm Donald Saint-Vil: alèt piblik la; entèvyou ak Guerlyne Petit, 14 Novanm 2026; repons ekri, 15 Novanm 2026; videyo li yo nan Kanperen (14 ak 15 Novanm 2026), ak temwayaj yon peyizan nan Trouillard.
  2. MARNDR, misyon ak Bank mondyal nan Gran Sid la apre lapli 23 rive 26 Oktòb 2026, ak demann pou aktive mekanis ijans PARSA/TPR II.
  3. MARNDR, distribisyon semans legim PARSA nan Sid (Okay, Kanperen).
  4. MARNDR, paj kontak ak paj antite yo (DPV, DDAS).
  5. FAES, misyon Gran Sid 30 Oktòb rive 4 Novanm 2026, pibliye 11 Novanm 2026.
  6. IPC Ayiti, analiz 28 Oktòb 2026.
  7. FEWS NET, Ayiti, Oktòb 2026.
  8. FAO GIEWS, Ayiti, 29 Septanm 2026.
  9. AyiboPost, sechrès ak mank lapli (Marcelin Esterlin, UHM), 18 Septanm 2026.
  10. Exilien ak lòt, Revue économie et développement (RED), vol. 12, no 1, UEH, Jen 2026.
  11. Tabou Network, lèt bay MARNDR 15 Novanm 2026 ak mesaj retou sistèm imèl la (achiv Tabou).

Soutni Tabou

Yon medya endepandan, ki soti nan pwovens pou rive nan tout Ayiti.
Un média indépendant · An independent newsroom

Akèy · Accueil · Home · ↑

Pa bezwen kont pou kòmante · Pas besoin de compte · No account needed — « Continuer en tant qu’invité ».

Laisser un commentaire